Ayiti: MSF mande tout moun ak zam nan potoprens pou respekte la vi tout sivil e yo dwe kite yo vinn pran swen byen rapid san yo pa ba yo pwoblem

5 jiyè 2005 POTOPRENS/NOUYOK - Devan ogmantasyon vag violans la nan potoprens, kapital ayiti, Medsen san frontye (MSF) mande jodi-a pou tout moun ak zam nan vil la respekte la vi popilasyon sivil la e yo dwe kite yo vinn pran swen byen rapid le yo blese nan moman gen afwontman san yo pa ba yo pwoblem.

Depi lè yo ouvè sant twomatoloji - a fin mwa desanb 2004, ekip medikal ak chirijikal Medsen san fwontyè yo trete plis pase 3100 pasyan pami ladan yo gen 1112 anvywon, plis pase yon tyè, ki vini A koz yon seri blesi la gè, nan chif sa-a ou jwenn 861 plè pa bal, 126 blesi ki fèt ak zam blanch tankou manchèt., 67 moun yo bat ak 40 kadejak. Mwatye nan moun sa yo se fanm, timoun ak granmoun.

"Popilasyon sivil la se prensypal viktim ogmantasyon vyolans la nan potoprens dènye tan sa yo," daprè Ali Besnaci, chèf misyon MSF la an ayiti. "Nou pran swen timoun ki pran bal ki gen sèlman 4an ak fanm ki gen plis ke 70 an. Dènyèman, nou resevwa, nan yon sèl jounen, 30 moun ki blese pa bal. Nou konnen ke gen de moun ki pè vinn pran swen ou byen ki pa ka vinn pran swen a lèz. Genyen nan yo ki vini plizyè jou aprè yo finn blese. E sa-a pa posib."

Popilasyon an blese ou byen mouri, vagman san pwoblèm se pa tout moun ki gen zam yo kap goumen nan "katye popilè yo." Nan bidon vil ki pre lanmè yo. Genyen nan yo ki di yo blese lè la polis nasyonal d'ayiti ak MINUSTAH(Misyon nasyon zini pou stabilizasyon an ayiti.) ap mennen operasyon.

"Kantite Moun ki blese ke nap pran swen ap ogmante pi plis e pi rapid chak jou," daprè Ali Besnaci. "Gen plis pasyan chak jou kap soufri ak tout kalite blesi a koz bal eksplozif. Nan anpil kote nan potoprens, sivil yo pa ka viv, yo pè kite lakay yo, paske yo konnen yo ka mouri. Chak jou abitan yo di nou yo pat janm viv yon sitiyasyon kankou sa-a."

Depi desanb 2004, MSF ouvri yon sant twomatoloji ki ka kenbe 56 kabann nan lopital Saint Joseph nan potoprens. Nan objektif pou founi swen medikal ak chiriji gratis an ijans ak kantite moun ki viktim vyolans sa-a chak jou e ki pa gen mwayen pou yo jwenn swen fasil e korèk. MSF ofri tou fizyoterapi pos – chirijikal nan yon sant reya bilitasyon tou pre ak lopital la. MSF an ayiti depi 1991, prensypalman nan vil pwovens yo pou nou reponn ak katastwof natyrèl yo. MSF bay swen sante primè nan zonn ti rivyè nan depatman latibonit ak nan zonn dekayèt nan potoprens.